PROGRAMS

WORK WITH US

ABOUT US

HOME

CONTACT

EXIT

ABOUT DV

WHAT'S NEW

DONATE!

Web Safety

JOIN E-NEWS LIST

 

SafeLink se yon liy telefòn gratis pou pwoblèm vyolans domestik ki kouvri tout eta Massachusetts la. Se Casa Myrna Vazquez ki opere li 24 è sou 24. Nimewo SafeLink la se (877) 785-2020. Moun k ap reponnn telefòn SafeLink yo pale angle ak panyòl, epitou yo kapab jwenn tradiksyon pou ofri sèvis nan plis pase 140 lòt lang. Si ou pa tande byen, tanpri rele nan nimewo SafeLink ki ofri sèvis pou moun ki tande di yo (877) 521 -2601. Tout koutfit ou fè nan SafeLink gratis, konfidansyèl e ou pa bezwen bay non ou.

SafeLink se yon sèvis pou tout viktim vyolans domestik. Moun k ap reponn telefòn nan SafeLink resevwa f òmasyon espesyal pou pèmèt yo ofri sipò san yo pa pòte jijman, pou yo ofri èd nan fè plan pou pwòp sekirite ou, ak pou bay enfòmasyon sou lòt sèvis ak resous ki disponib. Si ou nan yon sitiyasyon ki menasan pou sekirite ou, sa vle di ki prezante danje pou ou, teknoloji dènye kri SafeLink itilize yo pèmèt moun k ap reponn ou an rete sou liy lan ak ou pandan li mete ou an kontak ak yon sèvis nan zòn ou an ki kab fè ou jwenn kote pou ou rete an tout ijans. Sa pèmèt moun ki rele enpi ki an danje yo jwenn sèvis grasa yon sèl koutfil olye pou yo telephone plizyè kote plizyè fwa. Ou mèt rele SafeLink si ou senpleman bezwen pale de sitiyasyon ou – se pa sèl lè ou bezwen kote pou ou rete sèlman.

Sèvis SafeLink Ofri

 

Español

Portugues

Français

English

 

SAFELINK HOTLINE

CASA MYRNA VAZQUEZ  :  PO BOX 180019  :  BOSTON, MA 02118
PH: 617.521.0100      FAX: 617.521.0105
©2007 Casa Myrna Vazquez    :     Site design by mirth creative